6 octobre 2024

Fernando Live news: “Lavim an danje ! Vini vit vin sovem !”, Dènye pawòl Jovenel Moïse

Lavi mwen an danje ! Vini vit vin sovem ! se dènye pawòl Jovenel Moise nan telefòn ak yon sekiritel

“Lavi mwen an danje, vini vit vin sove m “ sa se dènye pawòl nan dènye apèl dezespere Prezidan Repiblik la Jovenel Moïse, avan yo te asasinen li lakay li soti 6 pou rive 7 jiyè 2021 an. Nan yon atik ki soti nan jounal ameriken Miami Herald, plizyè polisye ki te sou pòs nan jou a temwanye. Yo di li te 1:34 lè Prezidan an lanse apel sa a. Men selon yon abitan nan zòn nan, kòmando a kòmanse tire depi 1:30, toujou selon jounal Miami Herald.

“Men yap tire sou kay la. Voye ranfò”, se sa Prezidan Jovenel Moïse te di DG PNH la Leon Charles nan telefòn. Toujou selon yon polisye ki te temwen ki pale ak jounal la, asasen yo rantre anndan kay la, e yo pran direksyon chanm kote Prezidan Repiblik la te ye a. Nan moman operasyon an, kriminèl Yo tap pale avèk yon moun nan telefòn ki tap ede yo idantidye kiyès ki Prezidan an.

Lisez aussi Fernando Live News: Martine Moïse : La seule témoin du drame ! • Fernando Live News

Lè yo fin idantifye se Prezidan an, avèk èd yon lòt moun ki sou liy lan avè yo nan telefòn, yo annik parèt anfas Prezidan an, epi yo kòmanse tire sou li, san yo pa di yon mo…” Endividi yo kite byen ame pran 10 minit pou yo asasinen ansyen Prezidan Jovenel Moïse.

Sous : https://www.miamiherald.com/news/nation-world/world/americas/haiti/article252866418.html?fbclid=IwAR18thnkPVxYKMhg7CzHjPbpgnnbVY-qh1CAJPOfsOuI4q1luNv-h3xYDHE

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *