4 juillet 2024

Fernando Estime : SENBÒL yon PATRIYÒT

Yon patriyòt se yon moun ki renmen peyi l, sipòte tout sa ki nan kilti l, atache ak valè kominote yo, goumen pou sove valè ak diyite lakay li. Kèlkeswa opòtinite li pap janm depase nivo lanmou l pou peyi li.

Fernando enkane lakay tout fanatik balon won yo nan tout kominote ayisyen yo, kisa ki yon fanatik, yon sipòtè. Don nan rive atire atansyon lemond antye sou fyète ble e wouj la.

Fernando kite deja selèb vin chouchou nimewo 1, tout sipòtè seleksyon nasyonal la, li itilize tout kat, tout alfabè pou l fè tout lòt nasyon konnen epi renmen nasyon papa Dessalines nan.

Nan bouyon remèsiman ak deklarasyon apresyasyon Don nan ap jwenn nou seleksyone kèk pami gwo pèsonalite ak kèk senp sitwayen fè pa aza pou konplete edisyon sila.

Theriel Thelus jounalis vedèt emisyon Ti Koze ak TT, ki se fondatè medya Trip Foumi Enfo, toujou montre apresyasyon li pou Fernando pou nivo angajman li pou peyi a. « Fernando kraze estad la plat ! Lolllll Ala yon konpè Dodo sa a. Bravo ou reprezante nou rèd ! Ti koze ak TT, Theriel Thelus » se sa l te poste nan moman dewoulman match la ak yon foto Don nan parèt sou plizyè chèn televizyon.

Louino Robillard yon militan pou konbit, yon gwo angaje pou devlopman kominotè li menm fè yon gwo rale sou pasaj seleksyon an nan pi gwo konpetisyon mondyal foutbòl medam yo, li deklare Fernando « Piblik Ayisyen an », sa ki montre jan Fernando li menm sèl te byen reprezante peyi e li te deplase ak tout 1 milyon abòne li yo e fè yo rete vivan nan viv konpetisyon an.

Pou platfòm Haiti Tempo, ki se yon gwo medya nan peyi a, konsakre jounal yo an plizyè fwa, nan pwodwi atik pou pale de jan Don nan mete fokis sou peyi a nan moman koup dimond sila.

Pou jounalis kiltirèl epi pwomotè nan hmi la Jean Claude Junior Vaval li fè konnen « Se premye fwa Ayiti gen yon moun ki ap Vann imaj li nan tout estad kote Ayiti ap jwe. Espay te gen manolo, Nou gen Fernando ESTIMÉ🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹⚽️🇭🇹🇭🇹
“Supporteur inconditionnel des équipes nationales, Fernando Estimé s’est distingué en Australie à l’occasion cette Coupe du monde féminine. Arborant les couleurs du bicolore, il a bénéficié d’une belle cote de popularité.
Un homme qui a du cœur, tout simplement ».

Pou sitwayen Oriol Antoine « Si m nan tèt FHF – Fédération Haïtienne De Football an, oubyen ministè espò oswa lakilti, m t ap met towo sa anbasadè foutbòl la. 🇭🇹😎
Mèsi Fernando ESTIMÉ pou jan w pote seleksyon yo nan kè w, kò w ak nanm ou. 🙏🏾 »

Jounalis espòtif trè popilè ki atache ak espò nasyonal la Caleb Jephté Pierre pale de jan Don nan tap bay plezi nan estad la « Fernando Estimé a met animasyon nan tribin stad la. 😄🇭🇹 »

Nap raple w se kèk engredyan nan bouyon omaj yo nou pran pou te montre jan Fernando Live News kontan bwè li ak fyète bò kote nou.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *