27 septembre 2024

Eric Jean Baptiste mande pou chanje gouvènans nan peyi a epi retire rejim peze souse a

Eric Jean Baptiste, sekretè jeneral RDNP a, di aprè 8 mwa depi yo sou pouvwa a, pèsonn pa ka di ki plan gouvènman Henry a devlope menm pou kwape ensekirite k ap ravaje Ayiti a. Nan yon mesaj li lage sou Twitè lendi 21 mas la, li di se yon obligasyon pou gen yon chanjman nan gouvènans epi rejim peze souse a.

Ariel Henry rive sou pouvwa a nan mwa jiyè 2021, aprè prezidan Jovenel Moïse te fin mouri. Mwa mas la fè 8 mwa depi l ap dirije pou kont li, san yon prezidan, san yon Palman ki pou kontwole sa l ap regle. Lè li te rive nan tèt Leta a, sitiyasyon sekirite peyi a te deja pa t bon. Olye sa ranje, li vin pi mal e daprè Eric Jean Baptiste, pèsonn pa konn kisa moun sa yo ap regle nan pi wo nivo peyi a.

« 8 mwa depi yo sou pouvwa a, pèsonn pa ka di ki plan gouvènman Henry an devlope ak egzekite pou menm eseye sispann, kwape flewo lagangrenn kidnapin ki paralize lavi nan tout peyi a. », se sa mesye Jean Baptiste ekri nan premye pati mesaj li a.

Nan dezyèm pati a, se la li di se yon obligasyon pou bagay yo chanje a. « Yon chanjman nan gouvènans epi ansuit rejim peze souse a, se yon obligasyon absoli », epi twit li a fini ak mo sa yo: #FòkNouPale.

FLN

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *