21 mai 2024

CDMQatar 2022.: Fernando Estimé yon gwo Anbasadè Ayiti nan peyi Qatar

CDMQatar 2022.: Fernando Estimé yon gwo Anbasadè Ayiti nan peyi Qatar

John Colem Morvan di Fernando se yon gwo Anbasadè Ayiti nan peyi Qatar e se pa lè moun mouri pou yo rann li omaj.

Si pou jounalis powèt John Wesley Delva, koup dimond lan kap dewoule kata montre jan Fernando renmen lavi, renmen pran plezi “Yon Gwo Pleziyis” kap byen pase Kata. Pou lansè dalèt John Colem Morvan Fernando Estimé se yon gwo anbasadè pou Ayiti nan koup dimond lan.

Pandan Fernando Estimé ap fè nou viv mondyal la ak yon lòt vibrasyon, li pa janm rate kenn okazyon pou l vann peyi li, swa ak drapo ble e wouj li, swa nan vann kilti nou, oubyen nan vann listwa nou nan echanj li ak lòt nasyon.

John Colem Morvan pa fè silans pou l rann diplomat la omaj.
“Se pa lè Atis la mouri ak drapo a sèlman li reprezante peyi a, yon nèg ak fyète drapo li nan koul lap danse, mennen rara lokal la qatar. Don Dodo se yon veritab anbasadè nan qatar, se pa leta ki voyel se ak kòb li, li ale epi mache ak drapo peyi a. Respect Don Dodo Durement Représenté!” se sa Morvan ekri pandan l pataje yon video kote Fernando tap danse rara latibonit lan qatar sou facebook.

Nap raple w Fernando pwofite montre nou tout detay li kontre nan peyi qatar soti nan istwa rive nan fason yon konstwi, polis san zam a fe ak anpil pousyè.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *