19 septembre 2024

Ayiti : Tèritwa G-9 Anfanmi e Alye, yon Eta nan yon Eta

((Fernando Live News)), Port-au-Prince 27 juillet 2021

Yon Eta se yon tèritwa ki limite ak lòt peyi oubyen lòt Eta ak delimitasyon Etatik, nan fwontyè, ki anba lòd ak prensip, ki jan moun yo dwe konpòte yo nan Eta sila. Kote moun kap viv nan Eta sa mete yon pèsonaj moral pou ki reji dwa moun san miwo miba, pou ride moun yo egal yonn ak lòt. Ki se konstitisyon an, sa nou rele manman lwa peyi a.

Konstitisyon Eta sa, kreye yon enstans siprèm pou byen jere Eta ki rele Leta nan tèt li ou jwenn prezidan Repiblik la. Kise pigwo enstitisyon, ki gen pouvwa ak devwa pou byen jere peyi a.

G-9 Anfanmi e Alye Manyen Yonn Manyen Tout, se pi gwo regwoupman (federasyon) sou tout tèritwa nasyonal la nou pa janm konnen, ki gen plis kòb, plis zam, pi popilè, ki gen plis moun dèyè li. G-9 Anfanmi e Alye ki sinyifi LINYON, TÈT ANSANM, SOLIDÈ, MENM KOULÈ, MENM OBJEKTIF, MENM IDEYOLOJI, an gwo NAP FÈ MENM WOUT.

G-9 se yon gwoup bandi kriminèl, anti lalwa, ki rasanble 9 pami pigwo gang ki gen nan metwopolitèn nan ak anpil lòt ki se alye, yo mete yon prezidan ki pou jere Eta G-9 la, ki se yon Eta nan yon Eta (Tèritwa G-9 se yon peyi nan yon peyi, nou pa menm ka pale de yon peyi depandan).

Tèritwa G-9, se kote ki pi òganize (nan fason pa yo), ki respekte prensip yo Etabli yo alalèt san manke yonn nou te ka konpare li ak yon Leta Tiranik. (Moun kap viv nan milye sa yo plis fè gang yo konfyans e plis respekte yo pase vrè otorite yo).

Zero enstitisyon Leta Ayisyen sou tèritwa G-9, sa ki toujou egziste yo, sa moun ka konstate ki la yo, se sou kontròl G-9 yo ye. Se yo ki deside tout sa ki ka fèt sou tout tèritwa yo, jodia se sa ki esplike pa genyen okenn syèj egzamen ofisyèl nan tèritwa G-9.

Se sa ki esplike pa gen okenn komisarya nan tèritwa G-9 ni vrè polisye, pwiske rar kote ki genyen an li sou kontwòl yo. Pou moun ki gen biznis sou tèritwa G-9, yo blije chita ak otorite G-9 yo e anplis peye yo chak mwa jan yo deside, Gang yo menm deside kiyès pou travay nan biznis sa yo.

  • Lis gang ak katye ki nan federe ak G-9 an fanmi e alye.
  • 1- Jimmy CHERIZIER alias Barbecue (zone d’influence Delmas : 2-24) ;
  • 2.- Serge ALECTIS alias Ti Junior, Nan Chabon, la Saline
  • 3.- Andris Iscard alias Iska, Belecourt
  • 4.- James ALEXANDER alias Sonsonn , Baz Krache Dife, rue Saint-Martin/Rue Porcelaine (derrière Lacroix)
  • 5.- Christ-Roy CHERY alias Krisla, Nan Ti bwa, Martissant, Fontamara 6.- Jean Emilio MICANOR, Waf Jeremi
  • 7.- Coby, Chancerelles
  • 8.- Mackenson, Pont Rouge
  • 9.- Desange ROMANE alias Déporté (Delmas 2/Tokyo)
  • 10.- Base Pilate (une nébuleuse de policiers/ Ezechiel Alexandre,
  • 11- Jonès, Terre Noire
  • 12- Manilo, La Saline
  • 13- Simon Pelé
  • 14- Jude, Fort Dimanche
  • 15- Mathias SAINTIL, Boston Cité Soleil

Federasyon gang G-9 chanje l kòm Fòs revolisyonè nan mwa jen ki sot pase la. Ki vle fè moun kwè, se laprès ak òganizasyon kap defann dwa moun yo, ki ap fè yo pase pou gang men pito yo se yon gwoup revolisyonè ki vle atake tout bon gwoup oligak selon prezidan G-9 la Babekyou, ki kenbe peyi a annotaj.

Chèf G-9 la fè apèl ak tout lòt gwoup gang pou rejwenn li e si sa ta rive fèt ?

Nap raple w Leta Ayisyen mete avi de rechèch dèyè gang sa yo pou arete yo kòm kriminèl, men sa pa anpeche yo fè manifestasyon, mach ak foul moun dèyè yo nan tèritwa pa yo.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *