5 juillet 2024

Ayiti kilti: Albòm “Pèlerinaj” Erol Josué a plase 7èm nan dènye klasman Wold Music ane 2022 

Pèlerinaj, dènye albòm Direktè Biwo Nasyonal Etnoloji a, Erol Josué klase setyèm pozisyon pami pi bèl albòm mizik mond la. Selon klasman Wold Music Charts, ki chita kòl an Ewòp mete deyò. 

Daprè yon nòt Ayiti Feedback pibliye dimanch 1e me a, ke Atis vodou a pataje sou paj Facebook li, li fè konnen jodi a se pa sèlman Ayisyen kap koute e danse vodou. Chantè a,  pa kenbe siksè a pou kont li, men li fè konnen ke jounen jodi a Vodou ap jwe nan tout salon. ”  ak Albòm « Pelerinaj »

Pitit Ayiti a chwazi fè kilti vodou a sonnen nan tout salon sou planèt la alawonbade. Ak Erold Josué, depi koulye a, se pa Ayisyen sèlman ki danse sou son ak ritm tanbou a men se mond lan”. 

Dezòmè kilti vodou a pa yon sijè tabou ankò, se tout planèt la kap chante e danse sou Tanbou. Klasman sa montre nou a klè ke sa detraktè Vodou vle fè kwè a se pa vre, sa ki vle fè kwè ke vodou se djab, yo mèt komanse repanse bagay yo. 

Soti 28 me 2021, Pelerinaj, yon CD ki rasanble 13 ane travay Sèvitè a. Ant vizyon, mizik tradisyonèl oswa mizik elektwonik, disk la temwaye varyete ak richès kiltirèl mizik Ayisyen. 

Léonel Louis-Jacques 

Leofels5@gmail.com

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *