6 juillet 2024

Ayiti-Ensekirite: Meri Akayè ak Kenskòf pran mezi pou sekirize vil yo kont moun k ap kouri kite lakay yo pou ensekirite

Nan yon nòt ki pote dat 2 me 2022, administrasyon kominal Akayè anonse popilasyon an, tout moun k ap anfèmen moun kay oswa k ap bay moun fè ladesant lakay yo, dwe pase ak moun sa yo nan lokal meri a pou yo ka ranpli yon fòmilè gratis k ap gen tout enfòmasyon enpòtan k ap itil meri a. Menm jan ak meri Akayè a, nan yon nòt ki gen pou referans MK/BM-561, meri kenskòf mande popilasyon vil pal la, pou fè moun y ap resevwa lakay yo pase ranpli fòmilè k ap gen non, siyati moun lan, kote l soti, elatriye.

Depi plis pase yon semèn abitan nan divès katye nan laplèn ak nan zanviwon l, pa konn sa pou yo fè ankò anba rafal kout zam bandi k ap goumen antre yo. Nan lide pou sove po yo, yon pakèt nan abitan yo oblije kouri kite lakay yo pou al pran refij yo sou plas piblik oswa al fè eskal lakay yon pwòch ki nan lòt zòn ki mwen danjere pase zòn pa yo a.

Kòm pwovèb kreyòl la di:”lè mouch ap vole ou pa konn sa k femèl ni sa k mal”, ebyen se nan sans sa responsab meri sa yo pran mezi sa pou gen kontwòl nouvèl tèt k ap gen pou vin pran refij nan vil pa yo a.

“Yon moun ki ta arive fè kontrè ak sa nòt la di, ap sibi gwo sanksyon lalwa prevwa” selon sa administrasyon kominal Akayè fè konnen nan nòt pa l la.

Yon lòt bò, meri Kenskòf la mande tout moun ki gen kay vid nan komin lan pou yo mete gadyen ladan yo sinon meri a ap poze sele sou yo.

“Se pou tout moun respekte mezi sa yo epi mete yo ann aplikasyon sinon n ap konsidere w tankou konplis”. Se sa meri Kenskòf la egzije, epiegzi epi pi lwen ajoute pwopriyetè klèb ak lotèl yo dwe vijilan e kolabore ak meri a pou pèmèt mezi sa yo pote fri.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *