6 octobre 2024

Ayiti-Edikasyon : Babay nevyèm (9èm) yon chawa pete danjere

Li fè egzakteman 2 zè aprèmidi, nou sou Plas Hugo Chavez nan komin Taba, tou prè Aryeopò Tousen Louvèti, nou konstate divès kalite timoun ak inifòm plizyè lekòl, anpil ladan yo se elèv nevyèm ane ki sot konpoze kap rantre sou plas piblik la.

Rive pi lwen sou plas la sa nou wè pa vrèman gen bouch pou pale, nou nan babay 9èm.
Tèt blanchi ak likid pepè,
Figi pentire, grafiti ak tout kalite ekriti nan inifòm yo. “Babay 9èm NS1 li ye” kèk pami sa ki ekri yo nan figi yo ak nan inifòm.

Yon lòt bò,ti jèn fi chita ap bwase ren sou jen  tigason,yap bwè tout kalite alkòl epi fimen sigarèt pimal pase dragon.

Sekòmsi yo ta bliye si yo gen inifòm sou yo, yap pouse nway monte epi mizik rabòday ap woule.

   Men , èske se kontantman ki ta lakoz tout sa rive la ? 

Youn nan kandida yo ap tante reponn <>.

Jenny ki se yon kandidat ki chita ap obsève, sou bò pal montre dezakò li genyen ak fason elèv yo manifeste satisfaksyon yo.
<< yo pat bezwen ap fimen epi bwè alkòl ak inifòm lan sou yo, aksyon sa pa montre yo gen respè pou inifòm ki sou yo a>>.
Jenny sanble pa gen pwòblèm ak banbòch la men se inifòm nan ki pwoblèm nan.

Kèk élève Nouvo segondè dènye pati (NS4) nan Lise George Isemeri ak inivèsitè ki tap etidye sou plas la pat kache fristasyon ak endinyasyon yo.
Nan agiman pimanbouk pou denonse paran yo ak leta ki demisyone ki selon yo menm ta lakoz tout deriv sa yo, timoun kounya lage an debandad jounen jodi a.

Tout kalite lodè alkòl melanje ak sigarèt ou pa ta di se tout kalite pafen, malerezman anpil paran yo pap di anyen e anpil fwa tou paran yo al bouske lavi, epi timoun gaye nan lari a ap pran tout kalite plezi.
Sa ki lakoz anpil fwa, ti jenn fi tonbe ansent avan lè.

Pale ak timoun yo plis, chèche alèz ak yo ,voye je sou yo, ba yo kèk presyon tou dèfwa se kèk solisyon jèn inivèsitè ak élèv NS4 yo ki tap kraze bèt yo sou plas la pwopoze.
Men, èske jounen sa pat bon pou kèk moun? Lèn konstate a klè granmoun ki ta dwe ap kwape timoun yo pou aksyon sa yap poze a,se pito yo menm ki vin vann yo alkòl.
Nan lide se vann yo vin vann si n ta repete pawòl yonn nan machann yo.
Men èske depi anvan sa te gen moun ki te konn promennen ti plat sou plas la ak tout lòt kalite alkòl? li fò pwobab.

Antouka pou jounen mèkredi 21 jiyè 2021 an,se te gwo lòbèy sou plas Hugo Chavez,ta sanble pou elèv yo,se te dènye jou yo te gen pou wè sou latè beni.

Lanmou ap fèt, gwo karès, tankou douvan bòdèl san okenn ladan yo pa jennen devan tout moun, Chanpay , ti Plat,Byè bwason tout kalite ap koule.
Mizik tout kalite rabòday memm se pa pale ,san konte nway kap rale.
Tandiske yon lòt bò, yon kategori kandida te pèdi tèt yo nan jwe aza.

Èske leta pa gen responsabilitel nan sak pase jounen Jodi a ?
Jiskilè zak sa yo ap frennen nan sosyete a?

Antouka kèlkeswa peyi a poul devlope fòk ou pase pa edikasyonl.
Konya se ki modèl edikasyon ,pou ki modèl Peyi.

Yves Moïse Ducé

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *