22 novembre 2024

Avan li kite peyi RWANDA, ansyen senatè Moïse Jean Charles voye yon lèt bay Pèp Ayisyen an

Nan jou ki te vandredi 1er avril 2022 a, Sekretè Jeneral Pati Politik Pitit DESSALINES lan, Moïse Jean Charles ekri Pèp Ayisyen an yon lèt avan li kite peyi RWANDA pou li antre nan peyi UGANDA. Nan lèt sa, ansyen senatè Moïse Jean Charles bay detay sou ansanm rankont li fè ak otorite ak kad ki travay nan domèn sante, Ekonomi, edikasyon ak teknoloji nan peyi RWANDA ak nan lòt peyi ki nan kontinan afriken an. Nan lide pou l ankouraje Pèp Ayisyen nan batay yo ta dwe mennen pou chanje sitiyasyon vi yo ak Peyo Dayiti, ansyen kandida pou pòs prezidan, Moïse Jean Charles te pwofite pran Peyi RWANDA kòm egzanp yon peyi kite nan kras men jodi a ki pa gen menm estati sa gras ak efò kèk otorite kite gen volonte ak popilasyon an.

Sekretè Pati Politik Pitit DESSALINES ki te kite peyi Dayiti depi 23 mas 2022 pou yon toune nan kontinan afriken an, pwomèt lap kontinye chita pale ak lòt lidè afriken kote se enterè peyi Dayiti lap toujou mete nan an premye. Nan menm lèt sa, M. Jean Charles te pwofite denonse desizyon otorite isit yo pran kote yo etire polisye ki tap bali sekirite. Malgre desizyon sa, chèf Pati Politik Pitit Dessalines lan jire li pap fè bak.

Redaksyon Fernando Live News lan ap kite w li lèt ansyen Senatè Moïse Jean Charles la San manke yo mo.

RWANDA, KIGALI 1 Avril 2022

  Pèp Ayisyen,

           Mwen ekri nou, e mwen mande nou 8 minit nan tan nou jodi a.

Aswè a la nou pwal kite peyi Rwanda, pou nou antre nan Peyi UGANDA epi apwè n ap antre nan peyi Turquie. Nou pa tap kite Rwanda san pou mwen pa te pale ak nou.

   Ayisyen yo, ke sa ki andedan ke sa ki deyò, mwen se sèvitè nou, mwen te kite peyi Dayiti depi 23 mas 2022 a, mwen te travèse 5 Peyi e mwen te fè 3 jou nan wout pou mwen te retounen ankò nan kontinan Afriken an, patikilyèman nan peyi Rwanda.  Yon peyi nan lane 1994 ki te gen gwo konfli antre yo paske medya yo, sitou radyo mil Kolinn ak loksidan te divize yo, plis pase yon milyon senk san mil (1.500.000) pitit peyi a te mouri,.  Yon peyi ki te pi pòv pase nou e jodi a tout mond la ap pale de peyi sa a tèlman li devlope.  Mwen te repon a envitasyon pou m te vin n wè eksperyans yo, kòman yo fè ini e antann yo, e ki teknik yo itilize pou yo te sòti nan sa yo te ye e pou yo rive la Jodi a.

Apwè anpil traka ak pwoblèm mwen te andire apwè premye vizit mwen te fè nan kontinan Afriken an patikilyèmnan nan peyi Nigeria; moman sa a ankò nou te abandone tout aktivite pèsonèl pou nou pase tout jou sa yo isi an Afrik.

Nan visit sa a, nou wè anpil gwo otorite, kad nan leta peyi Rwanda ki travay ak delegasyon m nan, ki yo menm ap viv nan kontinan Afriken an, yon kenzèn ki tap Travay nan plizyè Peyi nan kontinan Afriken Swa nan sante, Ekonomi, edikasyon ak teknoloji e jodi a yo tout retrete yo vle retounen lakay yo, yo vle bay rès vi yo ak savwa yo pou AYITI.
Rwanda bay nou Kad yo ak otorite yo ki ba nou eksperyans yo fè sou bidjè, finans lokal, desantralizasyon, kolektivite, devlòpman sosyal, ekonomik, politik, kilti, touris, pwodiksyon, enfrastrikti, abita, anviwonman, jistis, la fanmiy, fanm paske yo gen plis 64/100 fanm ki prezan nan palman an, yo montre nou ki teknoloji ki apwopriye e kòman pou nou konbat koripsyon, koman tou pou nou rezoud konfli.

     Yo te mete tout gwo kad kap travay nan domèn sa yo depi 20-25 lane nan peyi a sou dispozisyon nou.

Pi gwo bagay la, yo dakò pou n voye teknisyen isit la pou vin pase yon lane e yo pwal voye kad eksperimante ba nou an AYITI tou anplis sa nou gen yo.

Nou te chita ak sosyete sivil la, se pa tankou sa ki AYITI a non. Nou te chita tou ak forum pati politik yo ki gen 11 pati.

 30 mas 2022 a nou te chita ak pi gwo chabrak yo ki nan pati ki sou pouvwa a FPR ( fwon patriyotik Rwandè). E jodi vandredi premye avril 2022 a, mwen te vizite  kay 2 ansyen Prezidan Rwandè yo avan Prezidan Pòl Kagame.

M ap tou di pèp Ayisyen an, mond l ap vire jodi a, si nou pa prese fè travay sa nap fè la a, nap toujou rete nan ke kamyonèt la, si nou kite se lòt peyi ki nan zòn nou ki ranmase opòtinite sa yo, nan mond la jodi a epi nou menm, nou pa prese anbwase mond la. Dayè, nou wè kòman yap maltrate m pou yon seri peyi m pale ak yo, epi sa pa menm gen yon mwa, menm peyi sa yo, menm moun sa yo al chita ak yo, men nou gran timoun nou konprann pèp Ayisyen, nou wè pa gen lèdmi nan bagay yo vre se enterè. Se sa ki fè lè mwen poze yon aksyon pou pèp Ayisyen an, mwen konnen gen moun ki pa kontan. Men, menm lè yo pa kontan ansanm ak mwen , depi aksyon mwen poze a bon pou AYITI ak pèp Ayisyen an, m pa gen pwoblèm ak sa a. Jodi a nou deside AYITI pap sèvi mache pou Oken peyi pou Yap pwodwi tout fatra epi vin van yo Lakay nou e ki bay nou tout kalite maladi.
Si nou pa Ouvri je nou e nou pa ini nou epi stabilize lakay nou, jèn nou yo ap toujou kite peyi a, swadizan klas mwayèn nan ap toujou al viv moman difisil laba sitou kay vwazen e mas la ki nan geto, seksyon kominal yo kòm peyizan, nan faktori, swadizan kap travay nan leta, ak prive oubyen pwofesyonèl ki nan lekòl yo, nan bank yo, nan sante ak lapolis ap fin deperi paske pa gen yon moun ki pote non Ayisyen ki an AYITI ak lòt bò ki pa nan Difilkilte, sòf ti Gwoup ki Soti lot peyi ki vin pran peyi an otaj epi kek tigrèn sklav a talan ki osèvis yo ak moun ki fè koripsyon nan leta.

Map di peyi a, jodi a nou vle pou nou gen yon antant nasyonal antre tout kouch pou nou sove AYITI, sa kap fèt POP la, w ka bay li tout non sôf politik, aktè yo dwe chanje atitid yo, joure anpil, bay zam toupatou, pap pote frí, malerezman pèp Ayisyen klas politik la ki ta dwe ede nou, se yon klas politik mizerab nan tèm ideyoloji, e ki depan de anbasad oubyen laboujwazi, w pa konen si yo dwat ni si yo gòch, nèg la ap bay zam toupatou nan tout geto apwè se yo kap rele anmwe anpremye pou di kidnapping ak vyolans, majorite pa gen yon kilti politik, gen 2 ka ki kòz sa, oubyen se moun yo te pran foure nan leta san kondisyon e ki wè leta Dous e lè yo pèdi djob yo sa pouse yo transforme tèt yo an lidè politik, pou tout dil  politik, pou yo Toujou gen pouvwa oubyen tou se nèg ki mele nan tout Bagay ki sal men ki vin kache tèt yo Anba banyè politik; men gen kèk tou ki pa gen twop laj avanse ki gen volonte podyab men yo pa janm chita Yon jou pou pran Fomasyon politik, se ti lajan ti djob, ti pen ti avataj, wap wè yo manipile yo fasil, men lè sa w kapab rayi yo paske se Yon pwoblèm ideoloji, ekzanp m sonje te gen 3 nan kategori sa yo sou  Prezidan Jovenel yo te manipile e yo tap mache ak manchèt pou yo te rachem e te gen 5 tou nan Yon manif bò palè ki ta Pwal eliminem paskem te di m pap rete nan mitan lidè sa yo se moun kap Goumen pou pen ak laboujwazi e menm si Jovenel ale anyen pap chanje, depi w nan yon mouvman kap fèt w wè laboujwazi mete Pye l ak kob li ladan l se  retire kò w, paske depi yo vini se sistèm nan yo vin sove, Ebyen sa gen 2 mwa depi yo Relem yo mandem eskiz, yo ta Pwal regrèt si yo te ka ekszekite plan an e yo pat konpran, men Fok m di w pandan w pa ka rayi yo, men yo danje lè gen Eleksyon oubyen Avan Eleksyon se yo Kandida boujwa yo voye nan geto ak nan seksyon kominal yo, pandan nan Otel montana se te Daniel  Foot Reprezantan Prezidan Bill Clinton, klas alèz la Ak entènasyonal pa ka enpoze yon prezidAn Nan moman sa a, men yo prefere yon vyolans toupatou, ensekirite ak kidnapping tou Patou, yo tèlman Pè Eleksyon yo prefere tounen nan koutim avan 1846 yo Ak sa nou rele “” le pouvoir au plus capable”” si w pa konen Listwa w pap ka konprann sa, e sa te rive deja andedan Peyi ant pati nasyonl ak pati liberal, retire tèt yo nan Eleksyon epi fè Yon Eleksyon anlè pou yo, Eleksyon gwo moun, Bèl moun epi anbasad malgre tou mwen te wè kèk swadizan militan e moun ki kòn ap manifeste nan Lari kont moun sa yo al Apiye bagay sa a.

Sa a rive se Yon pwoblèm matirite ak ideoloji; w pa ka rayi yo se konprann yo pa konprann.
Gen nan yo ki ap swiv yon Seri de lidè se rann yo rann yo vilnerab ki fè sa, e yo oblije men se pa kè yo ni ideoloji men se pòch yo.
3 kategori lidè sa yo mwen Soti site la yo, yo fè politik sou denigreman, zen, bay mas yo ti djòb ak moto siklèt,bay manti epi moso pen.
Mòd lidè sa yo, Lè yo nan Yon Kafou Wap Vanse sou yo ak Kominikasyon politik, yo rive Yon Kote yo pa ka enpoze bagay pèsonèl yo, sa fè yo fristre e yo Peye denigre w, yo Menm bay kob pou fè vyolans sou w, paske yo pa gen yon pwojè sosyetal, yo pa gen dimansyon politik e yo nan tout Magouy e Menm danje pou sosyete a.
Mesye lidè politik yo, politik se pa rayisman li ye, pa rayi moun, se pa paske m anfas Jovenel epi yo tiye l poum kontan. An nou fè politik la se ide ki fè l, men se pa vyolans, rayisman ak magouy.

Pran pouvwa ak dirije yon peyi twò serye pou se konsan nap fè politik pou n vin dirije AYITI.
Se pa lé w rive sou pouvwa pou m ap fè chwa ki modèl koperasyon ak diplomatik ak ekonomik e ak ki moun pou pale.

Nou menm depi kouliyè nou fè chwa nou.  Fòk w klè ki kote wap jwen petwòl pou fè peyi a mache, ki bò wap jwen tren pou mòdènize transpò a, kote kòb  pou pwodiksyon pou kreye anplwa ak sòti, pou w devlope enfrastrikti, sante, edikasyon, touris, teknoloji epi yon bon jistis ak yon fòs polis modèn ak lame.

E nan ka peyi Dayiti fòk w gen anpil eksperyans jis pou w konnen kòman pou w touche sistém nan. Paske se refè nou pwal refè peyi a ak plan 25 lane nou gen la a, ki Pwal repanse Ekonomi peyi a è repanse tout antrepriz ki te Kraze yo, tankou: siman Dayiti, minotri, teleko wèlch Ak santral DESSALINES epi Travay pou asyeri Dayiti ki te kon fè fer tounen, repanse Latibonit e mete Vwa Kominikasyon pou gran Sid pa janm bloke paske sa rann moun Grandans,Sid, sidès,Nip ak yon pati nan lwès vin Pi pov paske tout AKTIVITE yo Kraze.

Paske lane 2050 fòk nou gen yon lòt AYITI.

Se pou sa nap monte Desann pou n Jwen koopersyon pou sa Ak Peyi ki vle.

Lidè yo reflechi pou n bay AYITI yon lòt oryentasyon.

Moise Jean C pa janm plenyen, yo menasem, yo chante fineray mwen pandan m ap mache. 4 peyi te mande leta Ayisyen pou li sekirizem, se lapolis menm ki te bay mwen prév yo. Jodi a, dirékte polis, ansyen prezidan, minis Jistis, minis enteryè ak premye minis ak anbasad yo retire sekirite sa yo san eksplikasyon, men mwen fèm e mwen pap fè Bak.

La a, mezanmi, lè a rive m pap ka kontinye m pwal pran vòl.

Mèsi la repiblik

Se sèvitè nou

Moise Jean Charles,

Sekretè Jeneral Pati Politik Pitit DESSALINES

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *