5 juillet 2024

“Anvan yo touye l, Jovenel Moïse te gentan touye Leta a”

Lidè relijye ak politik Jean Enock Joseph lanse yon apèl sou fòm konstitisyon yon Mouvman: “Resisite Ayiti”.

“Ayiti mouri. Leta mouri. Jovenel te gentan touye Leta a anvan l mouri”. Sou fòm imaj, Jean Enock Joseph t ap dekri nan analiz li tout Aksyon gwo ponyèt, Ti Bobo, Jovenel Moïse te antreprann pou asire li li rete inik chèf, pou l rete Aprèdye jan li te di a.

Li retounen sou tantativ Jovenel Moïse fè nan koudèkont, Men tou nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè ak nan palman an.

Jean Enock Joseph voye yon pinga bay tout kouch nan Sosyete a ki pa gen konsyans sou risk pou Ayiti disparèt. Li raple peyi, Men tou gwo sivilizasyon kon abitye disparèt deja.

Pandanstan, Pastè a mande moun rejwen Mouvman “Resisite Ayiti” ki lanse sa pa gen lontan.

Tout moun ki pa vle reziyen yo dwe mete Men pou Ayiti Resisite.

Resisite Ayiti se yon apèl sitwayen pou pote kole pou konsyantize moun sou pwoblèm peyi a epi ki pi bon mannyè pou rezoud yo.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *