20 septembre 2024

Ansyen premye minis Joseph Jouthe demanti koze aparèy kont kidnaping ki nan men l

Aprè anpil machwè gonfle pou mande kont sou rezososyal yo, nan medya tradisyonèl ak sa ki anliy yo, Sekretarya prive ansyen Premye minis Joseph Jouthe reyaji sou dosye materyèl kominikasyon anpil sitwayen sitwayèn panse li ta kenbe kòm byen prive l.

Nan yon nòt pou klarifye koze a, biwo sekretarya ansyen Premye minis Joseph Jouthe demanti pawòl ki fè konnen li gen nan men li, kòm ansyen lokatè Primati, yon aparèy wòtpòt ki te achte nan lide pou Polis nasyon la (PNH) te kontrekare kidnaping ki ap ravaje peyi a.

Se nan lane 2021 desizyon sa te pran ansanm ak kèk lòt enstans konsène tankou Konsèy siperyè polis nasyonal (CSPN, an fransè), ministè Jistis ak sekirite piblik (MJSP), Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ, an fransè), ak Wo Etamanò PNH la nan sousi pou yo te kòlte (ak) pwoblèm kidnaping nan avèk yon sistèm kominikasyon ki efikas, e ki te dwe ede yo triyangile kominikasyon yo epi jwenn baz kidnapè yo nan yon batje.

Poutan, depi desizyon sa te fin pran an, e lajan te debloke pou sa, pèsòn pa konnen kisa aparèy sa devni. Nòt sa a tonbe paske popilasyon an mande dechennen sou rezososyal yo ak atravè medya an liy yo sitou pou mande kont.

Kidonk, biwo ansyen premye minis lan fè konnen Mesye Jouthe pa te janm gen kontak ak founisè aparèy la, ni li pa janm pale ak li e, se sèpman direksyon PNH la ak MJSP a ki ka founi bonjan enfòmasyon sou materyèl dènye kri sa yo.

Mesye Jouthe pwofite deklare nan jesyon leta, “pa gen voye wòch kache men”. Kidonk, Direksyon jeneral PNH la te deja resevwa, ak men pa li, yon bon pati nan materyèl kominikasyon sa yo, yon fason pou li te ka kontwole kominikasyon anndan prizon yo.

Biwo ansyen premye minis la pa fini nòt la pandan li voye jete tout pawòl ki ta vle fè kwè li gen aparèy sa yo nan men li.

Dezòmè, èske moun yo ap kwè nòt bowo ansyen Premye minis lan, epi vire pwojektè a nan figi Direktè jeneral ki te nan tèt PNH la nan epòk l ?

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *