4 octobre 2024

Ansyen PM Claude Joseph eksprime lakontantman apre patisipasyon’l nan aktivite Jèn yo nan Bahamas

Ayè dimanch 15 Me 2022 a, Ansyen premye Minis Claude Joseph te reponn prezan nan Lakou Bahamas. Bò kote li, te genyen Dr Omega Chery pou te chita pale ak yon ansanm Jèn antreprenè Ayisyen k ap viv nan kominote a.

Nan priz pawòl li, ansyen PM nan te eksprime anpil kontantman ak anpil fyète nan kad aktivite sila. E se pou sa a, li te pale konsa nan yon Tweet apre aktivite a.

“Mwen te kontan pale ak timoun yo (ak paran yo tou) nan Bahamas. Mwen te kontan tande kouman yo renmen Ayiti. Nou tout te kontan pataje rèv sou lide pou n konstwi yon Ayiti nan dimansyon listwa l.”

Anpil nan reyaksyon ak Tweet Dr a, ta vle fè konprann “Si manje pat plen vant, lanbe p ap fè regle kichòy”. Se yon fason pou ta mande Mesye a kote dinamik sa a lap afiche pandan l sivil la te kache lè l t ap koupe rache nan gouvènman Tèt kale vèsyon Jovenel la?

Pawòl la di: “Nonm sou kote pouvwa depaman ak sila ki andidan pouvwa”; yon pwovèb ki jwenn tout sans li nan sans kritik ansyen PM nan ap afiche depi’l rate okazyon pou l te kontinye mennen bak peyi a apre lanmò apredye.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *