19 septembre 2024

Sitin ayè 25 Mas la se te chofe jarèt epi prepare manifestasyon 29 mas la

Komisyon Mobilizasyon Akò 30 Dawout 2021 ( Akò Montana) reyalize yon sitin ayè vendredi 25 mas la sou plas konstitisyon an. Sitin sa a te tanmen pou denonse ensekirite ak kidnapin planifye k ap fèt nan peyi a epi pou mande demisyon CSPN nan.

Se te tou lokazyon pou reskonsab Politik kouwè :
Jean Samieux St Fleur,
Guy Numa, Saïco Sévère
Ernso Ertilus, Nevelson Jean Baptiste ak
Chantale Alizé denonse enkonpetans Dr Ariel Henry ki mare kou krab nan tète Primati a.

Manm direktwa Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè Guy Numa montre jan Ariel Henry sou wout lage petit a nan pi gwo tyouboum.

Sitin sa a tou te reyalize nan kad chofe beton an nan kad preparasyon gwo koken Chen mach ki prevwa fèt 29 mas la.

N ap fè remake gen anpil òganizasyon ki deside apiye piblikman mach sila a Kolektif 4 desanm nan te lanse .

Gémina Jn Baptiste

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *