20 septembre 2024

Kisa lalwa di sou Koze Selfie ak Sexfie nan Peyi dAyiti

Nan Peyi dAyiti, se prèske chak jou moun ap tande ak wè eskonbrit pete sou rezo yo. Pou sa ki renmen zen, depiw tande gen Buzz, yo manje ak graten.

Jedi 10 mas la, platfòm Facebook la te chofe pa bò isit, youtuber, Facebooker panse tout kalte tit pou yo ensite kirye vin viv zen Atis ak siksè feyton televize Widiana Bourdeau ke anpil moun renmen.

Nan yon ti bout videyo ki pa twò long ki montre atis la nan yon pratik seksyèl anglofòn yo rele “Sexfie”.
Pou sa ki pa konnen, nap raple sexfie a, se yon mizansèn, kote yon moun ap filme pwòp tèt li nan entimite l. Se kapab pandan yon zak seksyèl ak tèt li oubyen ak lòt patnè.

Se yon pratik ki repete anpil nan dènye moman sa yo, pami yo, map raple nou kèk lòt atis tankou Rutchelle, Chassy deja viktim de divilgasyon imaj entim yo san konsantman yo. Genyen kèk gwo zotobre nan leta tou ki konn fè la in e menm rive pèdi pòs yo pou mank etik ak pidè. Pa di w pa t konnen eskandal Laponyèt Eudes Lajoie ak Karl Henry Chatelier a? Pandan m p ap bliye anpil lòt moun ki pa pèsonaj piblik men ki deja pataje imaj entimite yo ant amoure-amourèz ki pral pran lari sou pretèks jalouzi oubyen chantay.

Jodya, nou deside poze kesyon an anba de nawè lalwa…

???? ????? ?? ?È ??? ???? ???? ???? ?????? ?????? ????? ?? ,????’? ???????? ??????? ??? ??????????’??

Me Pelex Fereme ap pote plis detay:

“Nan dwa gen yon bagay yo rele ” droit à l’image” se dwa tout moun genyen pou gen kontwòl e jere imaj ou kelkeswa nati sipò piblikasyon ou byen difizyon imaj la. Sa vle di ou gen pouvwa pou ou otorize oubyen entèdi piblikasyon imaj ou e pou moun swa filme’w, fè foto’w ak anrejiste’w.

Lejislatè yo pat janm rekonèt kesyon dwa a limaj vrèman , se pa yon sijè ki te enterese yo. gen Yon gwo jiris fransè ki rele G.Loiseau ki menm di dwa imaj la se Yon dwa zombi.

Ann Ayiti , ann Angletè , obrezil, e anpil lòt peyi ankò pa gen tèks espesifikman ki pale sou dwa a imaj , men an frans pa egzanp gen lwa sou sa.

Atik 9 kòd sivil fransè a di chak moun gen dwa a respè vi prive yo. Nan menm kòd sivil sa genyen 2 kondisyon pou yo konsidere atent vi prive , dabò fok sa yo fè’w la koze’w yon domaj e fòk zak sa touche oubyen vyole vi prive w ak entimite w.

Atik 226-1 kòd penal lafrans fè konnen Yon moun ki kache pran foto Yon moun kote ou atenn entimite vi prive li wap pran 1 nan prizon e w’ap peye 45000 Ero . Menm Atik sa di tou si ou pran foto moun, ou filme , ou anrejistre moun nan pandan li trouve li nan espas privé li ou menm pandan Li nan lari san konsantman li gen gwo pinisyon lalwa pou sa.

Men Yon imaj ki kapte nan Kad la vi piblik pa ka pote Prejidis a Yon pèsonalite piblik . Sa vle di depi se chef ou ye , otorite yo ka pran imaj ou pibliyel nomalman.

Mwen pale anpil de dwa lafrans paske tout dwa nou yo se sou lafrans nou te kopye yo , yo menm yo evolye e chanje anpil bagay nou menm nap kontinye fonksyone ak anpil Atik nan Lalwa ke yo rejte ou modifye.

Nan peyi Dayiti pa gen lwa sou dwa a limaj espesifikman men Li ka toujou posib pou pousuiv Yon moun devan lajistis ki pran imaj ou difizel san konsantman, fè fotow nan espas prive e pibliyel , pousuit sa ou ka fè Li sou baz vyolasyon vi prive’w. Atik 12 deklarasyon inivèsel dwa moun de 1948 di ke pesonn pa gen dwa rantre nan vi prive’w , nan vi fanmiy ou , ni pou atenn onè ou ak repitasyon , menm Atik la di ke lalwa dwe’w pwoteksyon kont tout moun ak enstitisyon ki soti pou rantre nan vi prive’w e atenn entimite’ w .

Konstitisyon peyi Dayiti nan preyanbil li rekonet pwomosyon libète ak dwa ki fèt nan deklarasyon inivèsel dwa moun de 1948 la , donk respè vi prive moun an Ayiti se Yon dwa konstitisyonel.

Daprè Yon estatistik ki fèt pa two lontan , òganizasyon Britanik ki rele ” Prvacy International” fe konnen Etazini se yonn nan peyi kote vi prive moun plis pa respekte. Sa yo rele kapitalis deta a nan peyi sa fonksyone sou gwo siveyans sitwayen yo. ?

Se enpotan pou prezève imaj moun e pwoteje popilasyon an kont vye Zak piblikasyon foto , videyo entim moun , paske nan sosyete nou an sitou ak kesyon rezo sosyo sa , endividi malonèt detwi anpil moun san rezon”.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *