28 septembre 2024

Lagè ann Ikrèn: gwo deblozay Marioupol, Kharkiv ak Kiev

Lame ris lan ansèkle vil Marioupol kote fòs-de-lòd ris yo mete lapat sou pò sila jounen samedi 5 mas la ki make dis jou aprè envasyon LaRisi nan peyi Ikrèn. Anons yon “cessez-le-feu” pou “couloirs humanitaires” a kapab tabli kò l. Anpil sivil lage pye yo aprè tibout tan “cessez-le-feu” lame ris lan bay la.

Yon bò, vil Kharkiv ki twouve l an nò peyi Ikrèn, toujou sou gwo tansyon kote ikrenyen nasyonalis yo pran zam pou fè fòs ak lame ris lan. Mojorite abitan vil Kharkiv yo se jenn, e di y ap reziste ak lame ris lan.

Yon lòt bò, abitan nan kapital peyi LIkrèn Kiev blije pran refij kote tren yo pase a sa ki vle di anba tè ak nan kèk pò se divès kote moun yo fè abri yo pou chape poul yo. « Peyi LaRisi anonse yon “cessez-le-feu” jou samdi 5 mas la pou penmèt sivil nan vil Kiev ak Marioupol kapab evakye », pawòl ministè Defans peyi LaRisi.

Pò Marioupol la sou “blocus” daprè dènyè konsètasyon reprezantan peyi Ikrèn ak LaRisi. Koulwa imanitè a louvri jounen samdi 4 mas la pou abitan ki vle chape poul yo. Marioupol, Volnovahka se kèk nan vil sa yo.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *