18 septembre 2024

Fernando Live News: Nan avantaj kiyès zak asasinay prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse ye ?

kiyès ki asasinen prezidan

Lanmò cheval toujou nan avantaj …

Apre lanmò  Ansyen chèf leta peyi a  :  Jovenel Moïse se anpil dechire pit nan la repiblik, sa kap goumen pou kenbe pouvwa, sakap goumen pou pran pouvwa se gwo zen .

nan yon peyi ki gen kriz, olye otorite ki la yo ta rete panche sou koz lanmò a, pou bay fanmi ak pwòch viktim lan jistis , epi planifye finiray defen an, wè kòman demen peyi ap ye se pa sa, men se pito goumen pou avantaj .

Ansyen Prezidan repiblik la : Jovenel Moise mouri asasinen lakay li nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè pase a, depi lè a se pale anpil nan larepiblik, te gen de eli nan peyi a, kounya rete yon sèl kise sanatè Joseph Lambert

Pòt fèmen sou anysen premye minis demisyonè ai a : Claude Joseph, ki te fin dakò poul remèt kle  primati a  ak nouvo PM nome a Arriel Henry, ki te dwe enstale malerezman sa pat gentan fèt,  donk pòt fèmen sou ni pm kap sòti ni sa kap antre a.
 Pa gen asanble Nasyonal    se sèlman 10 senatè ki rete, ni pa gen prezidan nan kou kasasyon,  nap raple  René Sylvestre ki te prezidan kou kasasyon an te bwè dlo bouch li , nan mwa ki sot pase a selon otorite sanitè yo nan kovid 19.

Manda depite, majistra kazèk, ak azèk yo fini ,sa gen plis pase 1 lane

Nap raple tou, pou 7 fevriye 2021 an Sektè demokratik ak popilè a te chwazi jij Mecène Jean Louis kòm prezidan provizwa, pou te ranplase Jovenel Moïse , ki pat janm pran okenn desizyon antanke prezidan sou okenn fòm.
Donk se te yon prezidan sou la fòm.
Ansyen Premye minis ai a : Joseph Claude fè konnen se limenm kap asire kontinite leta selon atik 149 konstitisyon 89 amande a,e entènasyonal la ta vle apiyel selon madan Lalime ki gentan matel dakò avèk li.

 Yon lòt bò, Ariel Henry fè konnen se pa Claud Joseph ki ta gen dwa ap pran desizyon nan leta, men pito se li paske se li ki gen arete nan menl ki di li se premye minis aktyèl.

Pi lwen, ti rès sena a nan tèt kole ak plizyè pati politik keseswa pwòch oubyen opoze ak povwa siyen yon akò pou yon sòti kriz pandan yo chwazi senatè sidès la : Joseph Lambert pou vin dirije peyi antanke prezidan provizwa.

Antouka ta sanble se moun ki mouri pou Ayiti se yok pi ki pi mal,
Se wont pou la repiblik.

Kisak pral pase nan jou yo ?
Èske otorite yo ki la ap fini pa antann yo pou met payi a sou yon bon pò Oubyen kawo a pral kontinye nan peyi a. ?
Sak pral lage popilasyon an nan gro kouri.
Kòm anpil sitwayen ta vle pran egzil , akoz ensekirite a, èske sa vle di pral gen yon kouri nan peyi a tout bon, selon sa kap di yo ?

Se vre ! vye rat politik la : Joseph Lambert pral prezidan pou dirije peyi a, men èske se yon bon chwa ki pral nan avantaj peyi a ? Gen moun ki di senatè a se yon PHTK lèn sonje tout maronaj li te fè lè poul te pozisyonel sou manda Jovenel Moïse la 7 fevriye pase a.
Èske Mesyedam tèt san cheve yo pa gentan wè tout enterè yo nan animal politik la ? Èske sila yo ki nan opozisyonan ki siyen akò sa pou dakò Lambert kòm prezidan provizwa pa pral leve kont animal la pi devan ?
Sa se yon gro dosye nap swiv .

Yves Moïse Ducé

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *