19 septembre 2024

“Ann Kanpe” manifeste dezakò l ak koze pri gaz gouvènman an deside monte a

Nan yon nòt estrikti a pibliye jodi mèkredi 8 desanm nan, men sa li di:

“ANN KANPE voye Yon gwo kout chapo bay popilasyon Ayisyèn nan epi bay tout sektè patikilyèman k ap batay anndan konsèy nasyonal sosyete sivil ayisyen an ki pa janm sispann veye, epi defann dwa pèp ayisyen an parapò a tout desizyon kap pran pou peyi a.

ANN KANPE, renouvle pozisyon pou voye jete byen lwen tout desizyon pou monte pri gaz sou mache nasyonal la san ankenn mezi akonpayman pou pèp ayisyen an. Nan sans sa, ANN KANPE endinye parapò ak desizyon gouvènman ayisyen an pran pou monte pri gaz la san ankenn sinyal akonpayman pou popilasyon an ki ap viv yonn nan moman ki pi difisil nan listwa, depi nan peryòd peyi lòk, katastwòf natirèl, Covid-19, san konte gaspiyaj kap fèt nan leta ki gen gwo enpak sou ekonomi peyi a.

Nan yon moman kote ensekirite ak lavi chè ap taye banda sou malere ak malerèz, ANN KANPE kwè li nesesè pou gouvènman Premye minis Ariel Henry ap pilote a panse ak soulajman pou moun ki pi pa kapab yo, olye li pran plezi nan pran desizyon pou satisfè yon ti gwoup. Sa montre a klè pozisyon li parapò ak revandikasyon òganizasyon sosyete sivil la ki se sèl zouti pou batay pou garanti dwa popilasyon an lè leta ap pèdi ray.

ANN KANPE, menm jan ak tout òganizasyon nan konsèy nasyonal sosyete sivil ayisyen an, siyatè akò 11 septanm nan, ap toujou soutni bon jan desizyon ki ale nan enterè popilasyon an, sitou nan enterè jèn ak fanm nan peyi a ki plis sibi eksklizyon ak diskriminasyon.

Nou pwofite raple Premye minis Ariel Henri soutyen sa se pou kapab garanti yon gouvènans apeze ak efikas pandan peryòd enterimè a. Kidonk, n ap veye ak defann dwa chak grenn ayisyen pou viv tankou moun. Se poutèt, sa nap mande’l pou’l tande larezon, pandan l ap aji sou pwoblèm ensekirite, ak move kondisyon lavi popilasyon an.” ANN KANPE

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *