5 octobre 2024

Se pa ki kote ou soti, se ki kote ou travay pou ou ale ak talan Bondye ba ou.

Jwèz football Ayisyen Corventina siyen nan pi ” gwo club football féminin” ki gen sou latè Olympique Lyonnais

Mwen pa konnen si nou konprann ki gwosè lòbèy Corventina fè a. Yon jwè ki fòme an Ayiti e fè tout klas football li Ayiti jounnen jodi a nan lis pi gwo jwèz ki gen sou latè jan ou wè jwè tankou Mbappé, Haaland ye nan football gason an e li pral jwe nan pi gwo club football ⚽️ fanm ki gen sou latè a.

Pou moun ki pa konn sa nan dosye football fanm LYON pi gwo Club ke ni Real Madrid, ni FC BARCELONE.

Sa vle di ti jèn. Ayisyen kap li pòs sa di tèt ou syèl la se limit ou. Ou ka rive nenpòt kote ou travay pou ou rive

Bravo 👏 👏 👏 et félicitations

Fernando ESTIMÉ

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *