5 octobre 2024

Poumon Yon jèn gason rive chire nan yon mastibasyon nan peyi Laswis 

Yon jèn gason 20 lane nan peyi Laswis nan yon mastibasyon rive ateri an ijans sou kabann lopital paske poumon li chire.

revi syantifik: *”Radiologie case Reports”* te fè konnen mastibasyon ka afekte poumon, okenn doktè pat janm fè fas ak yon ka konsa. Se premye fwa yon bagay konsa rive nan listwa lamedsin.

Viktim nan pa fimen ni bwè alkòl ni li pat gen pwoblèm sante avan ensidan sa, se sa jounal “Public” rapòte. Pou medsen yo, sa ki rive jèn gason sa gen pou wè ak yon “Pneumomédiastin” yon blesi ki fèt britsoukou nan manbràn pilmonè yo lè presyon san ogmante nan kaj torasik la kè an vin tonbe bat byen fò epi poumon an vin paka jere kadans kè an, lakoz poumon yo chire epi san gaye. 

Pasyan deklare bay doktè yo, li konn santi doulè pandan lap bat laponyèt lan.

Dapre ekspè yo, evènman sa fè anpil pale, li pa dwe enkyete mesye yo. Ekspè yo menm fè konnen konn gen lòt ka konsa deja ki anrejistre, men se pandan moun yo ap fè bagay.

Darsetson’s LOUIS

louisdarsetsonjacmel@gmail.com

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *