4 octobre 2024

Ikrèn|-.Prezidan Polonè a Andrzej Duda rekonèt epi denonse « zak teworis » entèvansyon Larisi a nan peyi Ikrèn 

Prezidan Polonè a, Andrzej Duda fè konnen entèvansyon Larisi nan peyi Ikrèn se yon « zak teworis ». Li fè deklarasyon sa nan kad yon vizit nan vil Kyèv nan peyi Ikrèn, mèkredi 13 avril 2022 a.

« Se pa lagè, se yon zak teworis. Si yon peyi deside voye avyon l ak sòlda l pou bonbade katye sivil rete epi tiye yo, se pa lagè. Li pa lòt bagay ke kriyote, banditis ak teworis » deklare Prezidan polonè a nan kad konferans pou laprès.

Pandan plizyè otorite nan mond lan kòmanse rekonèt epi denonse « zak teworis » entèvansyon Larisi a nan peyi Ikrèn tankou prezidan ameriken an Joe Biden, prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelensky santi li blese paske prezidan fransè a, Emmanuel Macron, pa vle rekonèt se jenosid Larisi ap fè nan peyi l ap dirije a.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *