20 septembre 2024

Ayiti-Kidnapin : Bandi ak zam kidnape Ludjane Jean Gilles nan anivèsè li

((Fernando live News)) : Endividi moun pa rive idantifye kidnape Ludjane

Ludjane Jean Gilles se non jèn fi 26 lane, endividi moun pa rive idantifye rantre lakay li epi ale ak li an prezans fanmi l pandan li t ap fete anivèsè nesans li.

Selon sa yon pwòch Ludjane konfime ak redaksyon an, aksyon sa pase nan lannuit samdi 17 jiyè a pou louvri dimanch maten 2021 an, nan lokalite Bon Repo, nan Komin Kwadèboukè nan Enpas Rosembert.

Nap raple w, selon temwayaj fanmi li, se anndan kay la bandi yo rantre yo pran Ludjane Jean Gilles. Li te nan kay la ak manman l, kouzin li epi yon frè l, yo bat manman an ak kouzin lan avan yo ale ak li.

Partager

Une réflexion sur « Ayiti-Kidnapin : Bandi ak zam kidnape Ludjane Jean Gilles nan anivèsè li »

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *