4 octobre 2024

Edikasyon|-.MENFP prezante pwogram detaye kèk disiplin yo anseye nan sant edikatif familyal yo 

Ministè Edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) òganize jounen 12 avril 2022 an, nan komin Petyonvil, yon atelye kote li prezante kèk disiplin yo anseye nan sant edikatif familyal yo tankou kuizin, patisri, restorasyon ak endistri otèl.

Nan kad atelye sila, ansanm entèvenan yo sòti nan Sekretè deta Alfabetizasyon an Madan Sandra Jacques Suzette Michel Saint-Georges, pwofesè Auguste D’Meza ki te pran lapawòl nan non minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la Nesmy Manigat, direktè ansèyman fondamental la (DEF/MENFP) Kendy Nicolas ak reprezantan UNESCO a Jean Luc Tondreau, montre enpòtans disiplin sa yo genyen ki pral pèmèt yo amelyore kondisyon lavi moun k ap viv nan kouch defavorize yo tankou jèn fi ak jèn dam ki pat ale lekòl ak sila yo ki pat fini.

Pou klotire aktivite sila, ansanm patisipan yo mete yon komite k ap gen pou travay pou finalize pwogram nan.

Se nan lane 1947 premye Sant edikatisyon familyal la te louvri pòt li nan peyi a. Nan tan sa, yo te pote non sant ekonomi domestik. Yo bay fòmasyon ki dire twazan nan kwizin, patisri ak endistri otèl. Pou kounye a, gen 147 sant konsa k ap fonksyone anndan peyi a : 52 nan Latibonit, 31 nan Grandans, 21 nan Nò, 13 nan Sid, 11 nan Nòdès, 8 nan Lwès, 8 nan Nip, 2 nan Plato Santral.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous: Biwo kominikasyon MENFP

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *